31/05/2026
Inite se zam nou!
Lè Ayisyen divize, nou fèb. Lè Ayisyen ini, nou envensib. Ann mete diferans nou sou kote pou sove peyi nou.
Mouvman ki méte jenès Ayiti ansanm pou chanjman, disiplin, ak dévlopman. Nou kwè nan yon nouvo Ayiti
31/05/2026
Inite se zam nou!
Lè Ayisyen divize, nou fèb. Lè Ayisyen ini, nou envensib. Ann mete diferans nou sou kote pou sove peyi nou.
30/05/2026
Chak jenerasyon gen yon misyon. Misyon pa nou se reprann diyite Ayiti epi bati yon avni miyò pou pitit nou yo.
29/05/2026
Pi gwo richès Ayiti se pa lò ni tè, se jenès li. Lè jèn yo jwenn bon direksyon, bon edikasyon ak opòtinite, okenn peyi pap ka kanpe devan Hayti
29/05/2026
An nou pataje message yo pou Ayisien ka kompram responsabilite yo.
29/05/2026
Pa janm kite okenn moun fè w kwè ou pa ka fè diferans.
Chak gwo chanjman nan listwa te kòmanse ak kèk moun ki te gen kouraj reve yon avni miyò.
Nou bezwen jèn ki pare pou:
Aprann
Travay
Antreprann
Sèvi peyi yo
Lavni Ayiti pa nan men etranje. Lavni Ayiti nan men pitit Ayiti.
28/05/2026
"Pa tann yon ewo pou sove Ayiti. Ewo a kapab se ou menm. Chak fwa ou chwazi travay olye plenyen, bati olye kraze, ou vin yon fòs pou chanjman."
Eske ou kwè jèn yo ka chanje Ayiti?
“Misyon nou se pa fè pwomès. Misyon nou se pote rezilta.”
Ayiti bezwen aksyon, pa pawòl vid.
28/05/2026
AYITI PAP CHANJE AK MO SELMAN
Ayiti pa bezwen plis pwomès. Ayiti bezwen aksyon.
Nou fatige ak mizè. Nou fatige ak ensekirite. Nou fatige wè jèn yo oblije kite peyi a pou chèche lavi lòt kote.
Se moman pou yon nouvo jénérasyon léve. Yon jenerasyon ki méte enterè pèp la anvan enterè pèsonèl.
Vision Nouvelle Haïti se yon apèl pou tout sitwayen ki vlè yon peyi kote: ✅ Timoun jwenn bon edikasyon ✅ Jèn jwenn travay ✅ Fanmi viv an sekirite ✅ Richès peyi a sèvi pèp la
Ayiti ka chanje. Men chanjman an kòmanse ak nou. Jen fanm ak jèn gason.