28/05/2026
Mèsi pou 6 mil moun k ap swiv nou
55 jou te sifi pou n atenn ba 6 mil " followers " la sou Facebook. Mèsi pou ou menm ki rete fidèl ak Lameri vil ou, ki kwè nan aksyon administrasyon sa a.
Siksè sa a, se rezilta yon Kominikasyon nimerik onèt, aktiv, estetik, atiran epi efikas.
Rete konekte ak Lameri Leyogàn. Gen pi bèl bagay k ap vini.
25/05/2026
Pa bay pèsonn ki di yo reprezante Lameri, lajan pou pran fatra lakay ou. Lè gen yon program konsa, administrasyon minisipal la ap enfòme w nan kanal ofisyèl li yo ak nan medya.
23/05/2026
Apèl pou medya :
dezinye jounalis k ap akredite nan konferans pou laprès de (2) fwa pa mwa Lameri Leyogàn
Voye non jounalis la ak medya a sou [email protected].
22/05/2026
Vizit evalyasyon twonson wout pou monte nan Legliz Sentandre ak lokalite Nan Bwadin
Avèk yon manb ekip Jeni an, epi Direktè kiltirèl la, Mesye Ansky HILAIRE, ki te sèvi ekip la gid nan lokalite l sòti, Manb Komisyon minisipal la, Mesye Dorly Leriche, te mennen yon vizit pou gade ki aksyon ki ta kapab fèt pou pèmèt sikilasyon nan twonson wout sa a vin miyò.
Aprè yon diskisyon ak Pè ki responsab Legliz Sentandre a, Lameri Leyogàn pran angajman pou akonpanye kominote a nan tout aksyon pou pase men nan wout la, nan lide pou pèmèt fidèl legliz la yo ak abitan Nan Bwadin rale yon souf.